KOUDÈY SOU DWA LENGWISTIK PÈP AYISYEN …

Dwa lengwistik : se youn dwa fondamantal tankou tout lòt dwa (lavi, edikasyon, travay, sante, sekirite elatrye) ki garanti lan manman lwa peyi dayiti lan atik 5 konstitisyon 87 la. Sa vle di, yon popilasyon gen dwa chwazi lang li pi pito pou l kominike e jwenn sevis nan administrasyon piblik peyi l. Otorite lan leta yo dwe pran tout mezi ki nesesè pou pwojete dwa ki garanti lan konstitisyon an. Tout enstitisyon ki konpoze pouvwa ekzekitif, legislatif e jidisyè dwe pran tout mwayen ki posib pou fè respekte dwa lengwistik popilasyon an; mete tout dokiman ofisyèl lan 2 lang konstitisyon 87 rekonèt.

Par : Jean-Marie Mondésir

Pale yon lang se pa selman yon zouti kominikasyon pou yon gwoup moun ki pataje menm valè e menm kilti. Se yon mwayen ki pèmèt yon gwoup sitwayen kominike antre yo epitou ki tabli idantite yo kòm pèp k ap viv lan yon sosyete. Se yon mwayen tou ki pèmèt yo reflechi, panse, opine, analize e kritike lan anvironnman yo.  

Lang se yon zouti ki pèmet yon pèp esprime mès, valè, tradisyon ak kilti li. Anpeche yon popilasyon pale lang li ou byen aji yon fason pou meprize lang yon majorite sitwayen k ap evolye lan yon sosyete se yon krim ki merite pini. Lè se manman lwa yon peyi a ki konsakre 2 lang ofisyèl e otorite yo chwazi privilejye lang kolon yo epi yo refize kreye zouti pou fè pwomosyon lang mas pèp la, aksyon sa konsidere kòm vyolasyon dwa lengwistik yon pèp.

Pliske otorite yo genyen pou misyon proteje tout dwa fondamantal ki lan konstitisyon an, vyole dwa lengwistik yon gwoup moun ann Ayiti konsidere kòm vyolasyon dwa konstitisyonel pèp ayisyen. Atik 5 konstitisyon an rekonet lang franse ak lang kreyòl kom 2 lang ofisyel peyi dayiti. Menm atik sa rekonèt se lang kreyol la ki simante pèp ayisyen youn ak lot.

Nou konnen lan peyi dayiti mesye/dam palmantè yo ki lan Palman akoz vòt popilasyon an pap travay lan enterè mas pèp la. Malgré atik 5 konstitisyon an ki rekonnet 2 lang ofisyèl, se senpman lwa sou akademi kreyòl ou kapab jwenn ki te pibliye lan lang majorite nasyonal la. Nou pa bezwen ale pilwen, konstitisyon 87 la pat pibliye an Kreyòl e tradiksyon ki genyen an pat adopte lan Palman an ni pibliye lan jounal ofisyèl repiblik la « Le Moniteur ».

Sa vle di vèsyon kreyòl konstitisyon 87 la pa genyen menm fòs jiridik ak vèsyon franse a. Okenn avoka pa kapab envoke yon atik lan vèsyon kreyòl la pou fè respekte dwa kliyan li lan yon pwosedi sivil, penal ou komesyal. Fok nou di tou menm amandman konstitisyon an ki te sòti lan ane 2011 pat pibliye lan lang kreyòl ki se mwayen kominikasyon majorite sitwayen ayisyen. Okenn lwa ki konesène mas pèp la ak peyizan yo pa pibliye lan lang kreyòl lan jounal ofisyèl « Le Moniteur ».  

An reyalite, Palman an pa vin regle anyen pou moun ki pòv yo nan peyi dayiti. Lè nou gade kantite lajan Palman sa koute administrasyon piblik, si li pa ekziste anko, pèp la t ap pran yon gwo souf lan pwoblèm mizè l ap travèse chak jou bondye mete. Depi adopsyon konstitisyon 87 la nou pa kwe genyen yon legislati ki founi yon rezilta satisfezan lan enterè moun k ap viv lan geto yo lan katye popilè yo ak milye peyizan yo.

Mesye/dam palmantè yo konnen djob yo se fè e vote lwa. Si yo te panse ak moun ki te vote pou yo, pifo ladan yo konnen se lang kreyòl la ki se sel lang ki simante pèp ayisyen. Pouki rezon pa genyen yon sèvis tradiksyon tout tèks pwojè-lwa k ap prezante devan Palman an? Pouki rezon okenn palmantè pa janm soulve kesyon prezante tout pwojè-lwa lan 2 lang ofisyèl yo.  

Lè nou gade lan peyi dayiti se 15% sitwayen ki pale fransè chak jou, 30 % kapab pale e konprann fransè e 55% konprann kreyòl selman eske se pa enjistis yo fe majorite popilasyon k ap viv sou teritwa nasyonal la. Li enpotan pou n reflechi sou veritab problèm peyi dayiti, moun ap kondane devan lajistis lan yon lang li pa konprann. Sitwayen ap kontinye pran imilyasyon lan administrasyon piblik lè li pa pale fransè ki se lang kolon ki te toupizi zansèt pèp ayisyen.

Eske li pa enpotan pou n reflechi sou dwa lengwistik pèp ayisyen? Lan analiz pa nou, atik 5 konstitisyon an tabli dwa lengwistik pèp ayisyen ki se yon dwa fondamantal. Si lang yon pèp se idantite l, e se mak fabrik li ki detemine kiyès li ye nou pa kapab konprann anpil moun ki genyen prejije paske yon lot pale senpman kreyòl. Se lang kreyòl ki meyè zouti pou fè edikasyon pèp la e sa ki pèmet li eksprime mès, tradisyon kiltirèl li. Se zouti sa sitwayen yo genyen pou yo revandike dwa yo devan fonksyonè reyaksyonè k ap travay lan enstitisyon leta yo ki kontinye ap bafwe dwa konstitisyonel pèp la.

Enjistis la ankò pi rèd, otorite lan pouvwa santral la asepte pran dekrè-lwa lan lang franse pou oganize kolektivite yo. Aloske anpil otorite ki eli yo lan kolektivite riral yo pa fin konprann franse e anpil ladan yo pa konn li. Eske nou panse sosyete sa genyen yon kote li prale ak dirijan ki lan tèt pouvwa piblik lan peyi dayiti. Pa genyen okenn fomasyon politik ki panche sou problèm reyèl ki andikape devlopman sosyete a. Tout dirijan reve pran pouvwa san yon pwojè sosyete chifre paske pouvwa egal richès ak pwisans la peyi dayiti.

Nou kwè li enpotan anpil pou tout sitwayen ki renmen peyi li chita reflechi ansanm ak lot sou veritab problèm sosyete nou an si n swete l vanse lan chimen pwogrè ak devlopman. Fòk nou pa bliye okenn etranje pa genyen enterè devlope peyi dayiti. Okenn oganizasyon entènasyonal pa genyen entansyon amelyore kondisyon sosyoekonomik pèp la. Se sel sitwayen ayisyen (diaspora ak lokal) ki konsyan reyalite moun pòv yo, ki dwe fè solidarite ak lot pou n kapab boujonnen lespwa pou fanmi ki toujou ap konfwonte lavichè ak chomaj lan peyi dayiti.

Pou nou menm militan kreyòl, li enpòtan pou n pran aksyon an jistis kont leta lan tribinal pou n fè l respèkte dwa lengwistik popilasyon an k ap sibi enjistis ak diskriminasyon lan administrasyon piblik la.

Òganizasyon dwa moun yo dwe konprann lang yon pèp fè se nanm li, se fyete l idantite ak istwa l e se yon dwa fondamantal kòm tout lòt dwa li genyen pou l chwazi lang li pi metrize pou yo jije li.

An règ nòmal ta dwè genyen pinisyon ak domaj enterè ki akòde pou tout moun ki kondane lan yon tribinal ki vyole dwa lengwistik yon Ayisyen. Se dwa tout sitwayen pou yo genyen yon pwosè san fòs kote lè yo akize pou yon deli oubyen yon krim kelkonk.

Pwosedi ki fèt lan tribinal yo dwe fèt lan yon lang sitwayen yo kapab konprann. Tout moun ki sibi yon pwosè lan lang franse e ki kondane ta dwe ale an apèl desisyon an pou vyolasyon dwa lengwistik ki se yon dwa garanti lan konstitisyon 87 la.

 

Jean-Marie Mondésir

Juriste haïtien | Spécialiste en droit civil

Maîtrise en sciences du développement

Citoyen engagé de Dumont/Port-Salut

Éditeur : magazine.port-salut.org

Dumont.port-salut.net | radio.port-salut.org

1 commentaire

  1. ESKE DWA LENGWISTIK SE YON DWA FONDAMANTAL SELON LESPRI KONSTITISYON AN?

    Yon dwa fondamantal se yon dwa ki esansyèl lan ekzistans ak devlopman yon sitwayen ou yon gwoup moun k ap viv lan yon sosyete. Se dwa tout sitwayen genyen pou jwi dwa ki garanti lan konstitisyon an peyi l san distenksyon ak diskriminasyon okenn otorite piblik. Leta genyen pou misyon pou fè tout sa ki posib pou garanti pwoteksyon dwa konstitisyon an konsakre yo. Dwa lengwistik se youn ladan yo ki merite konsiderasyon otorite lan administrasyon piblik yo.

    Dwa pou moun viv, jwenn sante, sekirite, travay, edikasyon, elatrye. Se yon seri dwa ki enpotan pou tout sitwayen jwi depi l fèt jiskake li fè vwal pou peyi san chapo. Genyen lot dwa ki garanti tankou dwa sosyal, ekonomik, politik, kiltirèl e anvironnmantal. Leta ayisyen siyen akò ak konvansyon entènasyonal pou l garanti dwa sa yo pou tout sitwayen kap viv sou teritwa li.

    Pou sa ki konsène dwa lengwistik majorite popilasyon an se atik 5 konstitisyon an ki konsakre 2 lang ofisyèl : fransè e kreyòl. Menm atik sa presize se lang kreyòl la ki simantè pèp ayisyen youn ak lòt. Etid nou fè pwove 55% sitwayen pale selman kreyòl, 30% pale e konprann lang franse e 15% sitwayen pale franse chak jou bondye mete. An règ jeneral, tout ayisyen pale kreyòl e konprann kreyòl kòm sa dwa. Genyen anpil moun ki chwazi pa aprann ekri kreyòl paske otorite yo privilejye mete tout dokiman ofisyèl lan lang franse. Sepandan, pa genyen anpil dokiman ofisyèl ni resous ki dispoze pou devlopman lang kreyòl la. Leta pa ankouraje rechèch lan devlopman lang kreyòl la e chèche lan inivèsite yo pa jwenn ankourajman pou kreye zouti pou favorize edikasyon lan lang majorite pèp la.

    Nou rekonèt lang se yon zouti kominikasyon pou yon gwoup moun k ap viv lan yon kominote ki pèmet yon popilasyon eksprime valè l, tradisyon, kilti ak istwa li. Yon sitwayen pa dwe jije paske li pale lang majorite moun pale lan kominote li. Okenn moun pa dwe wont lè li deside eksprime lide, opinyon, kritik ou analiz ak revandikasyon li genyen an kreyòl. Tout andikap ak devlopman ou manifestasyon dwa lengwistik yon pèp dwe denonse lan opinyon piblik. Òganizasyon ki genyen misyon akonpaye viktim vyolasyon dwa moun, dwe soutni tout aksyon kont entitisyon administrasyon piblik k ap kontinye bafwe dwa sitwayen ki pale inikman lang kreyòl la.

    Nou remake se sel lwa sou akademi lang kreyòl la ki vote e pibliye selman an kreyòl. Okenn lot pwojè lwa pa janm vote ni pibliye lan jounal ofisyèl repiblik la “Le Moniteur.” Menm konstitisyon 87 la pat vote e pibliye lan 2 lang ki rekonet yo lan jounal ofisyèl. Vesyon kreyòl la ki se tradiksyon konstitisyon an pat janm vote ni pibliye lan jounal ofisyèl repiblik la.

    Kidonk, vèsyon kreyòl konstitisyon 87 la pa genyen menm fòs jiridik ak vèsyon ki te pibliye lan jounal ofisyèl repiblik la. Pouki rezon palmantè yo pa janm prezante yon pwojè lwa pou fòse otorite yo prezante tout tèks pwoje-lwa lan 2 lang ofisyèl peyi a? Pouki rezon pa genyen sèvis tradiksyon lan Palman pou travay sou tradiksyon tout proje-lwa ki konsène sosyete a? Eske palmantè yo ap travay lan enterè mas pèp ki pale selman lang kreyòl. Lan peyi kote ki genyen 2 lang ofisyèl, 2 redaktè lan chak lang chita pou yo redije projè-lwa ki reflete bezwen sosyete a.

    Tradiksyon yon pwojè-lwa kapab kreye konfisyon lan lespri sitwayen ou fonksyonè k ap entèprete yon tèks lwa. Li enpòtan pou chak redaktè jiris kreyòlis e franse kapab reflechi lan lang travay yo. Sa pèmet yo evite kreye pwoblèm enkonpreyansyon pou avoka ak lot aktè lan sistèm jidisyè a kapab rankontre lan entrepretasyon yon tèks jiridik oubyen yon lwa.

    Lè nou gade se majorite pèp la ki voye palmantè yo al defann enterè yo lan Palman, epi yo pa janm chache vote lwa pou pèp la konprann. Eske nou kapab di legislati ki pase aprè adopsyon konstitisyon 87 la e amandman 2011 lan ap travay lan enterè majorite nasyonal la? Eske nou genyen enterè kontinye ap soutni yon pouvwa palmantè ki pap defann enterè ak dwa fondamantal reprezantan li yo ki pale kreyòl.

    Lajan chak palmantè koute administrasyon piblik se plenn lankè epi yo pa reyalize okenn bon rezilta lan travay yo. Pandan setan mas pèp la kontinye ap viv lan kras ak lamize, li enpotan pou n konnen eske n dwe kontinye envesti lan yon Palman ki p ap defann entere sitwayen yo reprezante lan Palman? Pouki rezon amandman manmanlwa peyi a pat vote e pibliye lan 2 lang lan jounal ofisyel peyi a?

    Pouki rezon otorite lan administrasyon piblik la pa genyen okenn respè pou lang majorite nasyonal la? Pouki rezon pa genyen dokiman ki ekri an kreyòl pou ede palmantè yo konprann wòl ak fonksyon yo lan Palman? Pouki rezon edikasyon nasyonal pa devlope zouti fòmasyon program pou mèt yo lan lang kreyòl yon fason pou l favorize edikasyon mas pèp la.

    Eske n ap kontinye tolere peyizan ak popilasyon lan katye popilè yo ap kondane lan yon sistèm jistis ki pa rekonet dwa lengwistik yo? Eske n ap kontinye tolere enstitisyon piblik yo ki p ap founi sevis yo dwe bay pou bon fonksyonnman sosyete a? Kisa otorite yo konte fè pou amelyore sityasyon 55% moun lan sosyete a ki konprann selman kreyòl? Pouki rezon pa genyen envestisman ki fèt pou pwomosyon lang majorite a yon manyè pou n kapab reponn ak bezwen peyi a?

    Nou kwè li enpotan pou n reflechi sou veritab pwoblèm sosyete nou an ki konplekse. Fòk nou konbat prejije ak diskriminasyon sou tout fòm lan administrasyon piblik peyi dayiti. Fòk nou kontinye denonse pasivite otorite yo ki refize pran aksyon pou pwoteje dwa lengwistik popilasyon an sou tout teritwa a. Si aprè ranvèsman diktati Divalye genyen anpil jefò ki fèt lan media yo ak rezo sosyal yo. Men nou remake pako genyen anpil dokiman ofisyèl ki pibliye lan lang majorite nasyonal la. Chak sitwayen konsèkan dwe travay ak lòt pou fè respekte dwa konstitisyonel pèp ayisyen san diskriminasyon.

    Nou envite w li analiz nou fe sou kesyon dwa lengwistik pep ayisyen. Kikle sou lyen sa e si w vle ou kapab pataje l ak lot.

    J'aime

Répondre

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l'aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s