ANN SISPANN FÈ IPOKRIZI AK LIT PÈP LA …

Nou toujou sonje nou se pitit Desalin chak tan peyi zanmi nou bay konsèy ki pa rantre lan lojik opozan rejim anplas la te swete. Pa genyen zafè peyi ak pèp k ap regle lan kriz politik la, nou remake tout politisyen se zafè pesonel yo k ap regle. Okenn opozisyon ak rejim lan p ap pran konsyans pou defann revandikasyon mas pèp la, se zafè gran nèg k ap regle. Pèp la pa egare ankò …li p ap pran lan ipokrizi magouyè ak kowonpi ki deyè rekipere lit li.

Chak tan dirijan nou yo bezwen lajan pou fè eleksyon, soutni bidjè e reyalize yon pwojè devlopman e nou toujou ap mande èd ak asistans peyi zetranje. Nou toujou konte sou asistans peyi zanmi nou lan tout sa n ap fè. Nou pa rive konprann yo seri politisyen ki di yo se demokrat epi yo ap chache defann enterè pèsonel yo lan rekiperasyon lit pèp la. Lè genyen yon pwoblèm antrenou Ayisyen, nou refize chita ansanm pou n diskite divèjans yo ki genyen antrenou. Li nòmal pou n kapab jwenn solisyon yo ansanm, nou pa wè genyen difikilte pou n mande konsèy etranje pou mete l lan mitan nou pou n kapab fè lapè antrenou.

Nap viv lan yon sosyete ki divize okenn moun pa fè lòt konfyans. Chak moun ap chache defann enterè pòch yo ou gwoup zanmi yo. Yo kontinye ap fè sanble y ap defann enterè mas pèp la. Se menm moun sa yo tou k ap simaye divizyon ak diskriminasyon lan sosyete a. Yo tout bliye si se Ayisyen yo ye e yo prefere fè kout dwèt sou lot ki reyisi pou detwi li.

Se menm yo menm lan ki kreye divizyon nèg anwo ak nèg anba, peyizan ak nèg lavil, diaspora ak natif natal. Yo toujou kwè lan tout sa blan fè e yo refize konsome pwodwi lokal. Kou yo remake blan etranje yo pa vle ale lan direksyon yo ta vle a, yo kouri monte drapo nasyonalis yo. Se lè sa yo te genyen panse yo se pitit Desalin.

Li enpotan lè dirijan ak opozisyon yo refize chita ansanm pou diskite sou soufrans popilasyon an, pou genyen moun ki pou aji kòm entemedyè pou ede yo jwenn solisyon ak problèm yo. Fòk nou dakò le genyen problèm lan yon fanmi k ap deranje vwazen, li parèt nòmal pou vwazen sa ede n mete ola lan mitan nou pou youn pa touye lòt. Nou kapab aplike menm analoji sa pou oganizasyon regional Ayiti manm yo.

Nou ta renmen fè tout moun konnen peyi dayiti pèdi souverennte li depi lontan.

Depi kèk tan se sou direksyon chapit 7 chat ONU peyi dayiti ap fonksyone. Sa vle di oganizasyon sa ki genyen obligasyon pou l dikte dirijan nou yo kijan pou yo dirije peyi a pou kapab genyen amoni lè nou pa rive antann nou tankou n ap fè l koulye a. Ayiti se manm oganizasyon OEA, CARICOM e li se manm fondatè ONU ki genyen prezans 193 peyi li rekonet ki granmoun tèt yo. Misyon oganizasyon sa se rive tabli lapè, founi èd e asistans ak peyi manm ki genyen difikilte.

Lan dat k ap 16 oktòb ONU ap voye yon misyon pou kore dirijan peyi dayiti sou kesyon politik. Si jounen jodia reprezantan MINUJUST mete ak lot anbasadè peyi ki di yo se zanmi Ayiti lan yon estrikti ki rele Corps Group pou ede opozisyon an, rejim lan ak sektè ki kontwole ekonomi an chita pou wè enterè peyi a e nou pa kwè se sa ki difisil pou konprann. Pèp la dwe louvri je li pou idantifye jwèt magouyè yo k ap travay pou rekipere revolte mas yo lan enterè patron yo.

Pèp la dwe konprann lè yo fin kraze, brize, sakaje byen moun, bloke peyi pou pa genyen okenn aktivite ekonomik, eske nou kapab di moun pòv yo ki kote yo pral jwenn lajan pou rekonstwi sa ki detwi yo. Lè nou fin bloke peyi anwò pa desann e anba pa monte, kote pa genyen distribisyon gaz, lekòl fèmen, fonksyonè pa touche, polisyè pa jwenn mwayen pou frennen bandi, pa genyen dlo, pen, farin, diri elatrye pou achte, eske nou kapab jwenn moun lan opozisyon politik la ki te kapab ede nou jwenn repons ak kesyon sa yo.

Toutotan nou kanpe sou yon pozisyon fèm e nou refize tande konsèy se kondisyon mas pèp la kap pi difisil. Sekte opozisyon boutdi a bliye se blokaj peyi a pou reyalize objektif politik patron yo ki lakoz depi plis pase yon lane kondisyon sosyoekonomik pèp la ap deteriore. Nou pap dakò se magouyè ki ap rekipere revandikasyon mas pèp la pou regle zafè pèsonel yo. Si genyen yon chanjman total kapital pou rebat kat la, fòk nou dakò pase men lan konstitisyon an ki tabli modèl fonksyonnman sosyete enjis sa ak pouvwa ekzekitif ki oblije mare kòd lonbrik li ak palmantè pou ranfose koripsyon lan administrasyon piblik peyi a.

Fok Jovenel ale ansanm palmantè yo wi men pou sa rive fèt fòk nou dakò chita ansanm pou tabli kondisyon pou bagay yo amelyore pou moun k ap viv lan kondisyon difisil lan katye popilè yo. Nou rete solidè ak tout moun ki mande pou kat la rebat men pa nou janm dakò ak gwoup moun ki ap ki fè dappiyanp sou revandikasyon legitim mas pòv lan bidonvil yo. Nou pako genyen yon lidè kredib koulye a pou mennen revolisyon nou swete a, fòk nou chita pale antrenou pou pèp rive dekouvri kiyès dirijan ki movèz fwa e ki vle kore e ranfose sistèm peze souse a.

Jean-Marie Mondésir

Sitwayen angaje Dumont

Édite magazine.port-salut.org

Répondre

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Google

Vous commentez à l'aide de votre compte Google. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s